Picture Picture
  • Fact Sheets
    • English
    • Spanish (Español)
    • Hakha Chin (Lai Holh In)
    • Burmese (မြန်မာဘာသာဖြင့်)
    • Haitian Creole (Kreyòl Ayisyen)
  • How We Help
    • Heart to Heart Conference/Conferencia
    • IN-FaCTS
    • Live training
  • Resources
    • Training videos
    • Tools for Coordinating Care
  • About Us
    • Our Vision
    • Our Team
    • Careers
  • Give
    • Donate
    • Sponsors
  • Connect
Picture

Medikaman Sou Preskripsyon Opsyon pou w pale de asirans ki pa ase

Dènye Mizajou: Mas 2025

Kouvèti pou Medikaman sou Preskripsyon

Anpil fanmi gen difikilte pou jwenn medikaman sou preskripsyon yo bezwen a pri abòdab. Anplis pwogram asistans pou medikaman sou preskripsyon yo, li saj pou w verifye si fanmi w ka kalifye pou nenpòt plan asirans sante piblik oswa prive ki ta bay asiransmedikal ak medikaman sou preskripsyon. Gen lòt fèy enfòmasyon INF2F ki pale sou yon varyete opsyon pwoteksyon swen sante, tankou asirans medikaman sou preskripsyon, ki ka bon pou manm fanmi w.

Cost Plus Drugs

Cost Plus Drugs se yon famasi anliy ki ofri plizyè santèn medikaman sou preskripsyon a pri ki redui anpil.  https://costplusdrugs.com/​

GoodRx

GoodRx ofri yon aplikasyon mobil pratik ki pèmèt ou chèche rabè ak koupon sou medikaman popilè ak pri ki pi ba lokalman. Sit entènèt yo a, https://www.goodrx.com/, ofri tou yon kat ekonomi ou ka itilize nan pifò famasi pou jiska 80% rabè sou medikaman sou preskripsyon.

NeedyMeds

Yon òganizasyon nasyonal benevòl ki konekte moun ak pwogram ki pral ede yo peye medikaman yo ak lòt depans swen sante. Sit entènèt yo a gen ladan yon zouti rechèch pou ede fanmi yo idantifye pwogram yo ta ka kalifye pou yo. Anplis de sa, NeedyMeds gen yon lis kontak òganizasyon resous nasyonal ak leta ki ka ede fanmi yo ranpli aplikasyon endividyèl yo pou pwogram asistans si sa nesesè. https://www.needymeds.org/ (Anglè ak Espanyòl disponib).

SingleCare

SingleCare asosye avèk prèske tout famasi nan tout peyi a pou negosye rabè sou preskripsyon, pou w ka resevwa yon pri ki pi ba. Kat rabè famasi yo a disponib pou tout moun nan tout peyi a, kit ou gen asirans sante kit ou pa genyen. Entènèt SingleCare la, https://www.singlecare.com/ ofri yon Zouti Rechèch Pri Medikaman pou w ka wè konbyen preskripsyon w lan ap koute nan famasi patisipan yo toupre w la.

Kominikasyon avèk Founisè Swen Sante yo

Nou ankouraje fanmi yo pou yo pataje enkyetid yo konsènan pri yon medikaman sou preskripsyon ak doktè ki preskri medikaman an. Si pri yon medikaman sou preskripsyon gen chans pou anpeche yon moun pran l oswa pran l jan yo preskri l la, founisè a bezwen konnen sa. Li posib pou doktè a preskri yon opsyon ki mwen chè, oswa pou ba w echantiyon yon medikaman pou reponn ak bezwen w yo. Si chanjman nan bidjè fanmi w afekte kapasite w pou kontinye renouvle medikaman, kontakte doktè ki preskri medikaman an imedyatman. Li enpòtan pou founisè medikal ou yo konnen ki medikaman w ap pran.

Soulajman Kopeman Fondasyon Defansè Pasyan (PAF)

Pwogram Soulajman Kopeman (CPR) PAF la bay asistans finansye dirèk bay pasyan ki kalifye yo ak kopeman, ko-asirans oswa pataj depans ki asosye ak medikaman sou preskripsyon atravè fon ki dedye a eta maladi espesifik. Nan kèk ka, asistans ak prim asirans ak/oswa sèvis oksilyè ki asosye ak maladi a ka disponib tou. Ale sou https://copays.org/.

Medikaman a Pri Redui

Anpil gwo detayan gen plan ekonomi sou preskripsyon kote kèk medikaman disponib a yon pri redui. Chak pwogram varye yon ti kras epi li ka chanje nenpòt ki lè.
 
Ou ka aprann plis bagay sou plan chak detayan la lè w sèvi ak enfòmasyon kontak ki annapre yo:
​Detayan*
Òf
Aprann plis
Amazon
Amazon RxPass pèmèt manm Prime yo jwenn medikaman ki kalifye nan yon sèl abònman mansyèl pou $5 pa mwa.
Pou w wè lis medikaman ki ladan yo epi pou w aprann plis sou detay pwogram nan, ale sou: https://pharmacy.amazon.com/rxpass
​
Walmart
Jwenn plizyè santèn medikaman pou 30 jou pou sèlman $4 oubyen jwenn yon rezèv pou 90 jou pou sèlman $10.
Pou w wè lis medikaman ki ladan yo epi pou aprann plis sou detay pwogram nan, ale sou: www.walmart.com/
​
Walgreens
Walgreens gen yon zouti Rx Savings Finder pou ede w jwenn pi ba pri sou preskripsyon lè w ap fè acha ak Walgreens.
Pou w itilize zouti a, ale sou: https://www.walgreens.com/topic/pharmacy/rx-savings-finder.jsp
​
*Lis la pa konplè.

Pwogram Rabè Dirèk Konpayi Medikaman sou Preskripsyon

Fanmi ki gen difikilte pou peye medikaman preskri yo kapab kontakte dirèkteman konpayi fabrikasyon medikaman an ki pwodui medikaman yo a pou mande yon rabè. Anpil konpayi gen Pwogram Asistans Pasyan oswa rabè ki disponib pou ede fanmi yo peye medikaman yo. Sa ap varye selon medikaman an ak selon konpayi a.
print
Print page

Pwogram ak sistèm yo chanje souvan. Li enpòtan pou asire w w ap itilize enfòmasyon ki pi ajou yo. Tanpri verifye https://www.inf2f.org/fact-sheets_ht.html pou edisyon ki pi resan an.
 
Fèy enfòmasyon sa a te resevwa sipò Administrasyon Resous ak Sèvis Sante (HRSA) nan Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini (HHS) nan kad yon sibvansyon ki totalize $96,750, avèk 89% finanse pa sous ki pa gouvènman an. Kontni yo se sa ki nan INF2F epi yo pa nesesèman reprezante opinyon ofisyèl, ni yon apwobasyon, pa HRSA, HHS, oswa Gouvènman Etazini an. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou HRSA.gov.
Picture
Info
About us
Fact Sheets
​Resources
​Connect With Us
Careers

​Español
Give

Contact
14074 Trade Center Drive
Ste 251
Fishers, IN 46038

P: 844-F2F-INFO (844-323-4636)
English
Español
Privacy Policy
Terms of Use

Copyright 2026 Indiana Family to Family. All rights reserved.
Designed by IndyiTech
  • Fact Sheets
    • English
    • Spanish (Español)
    • Hakha Chin (Lai Holh In)
    • Burmese (မြန်မာဘာသာဖြင့်)
    • Haitian Creole (Kreyòl Ayisyen)
  • How We Help
    • Heart to Heart Conference/Conferencia
    • IN-FaCTS
    • Live training
  • Resources
    • Training videos
    • Tools for Coordinating Care
  • About Us
    • Our Vision
    • Our Team
    • Careers
  • Give
    • Donate
    • Sponsors
  • Connect